Mèsi paske ou enskri pou patisipe nan Atelye Asistans pou Sitwayènte a nan dat 8 oktòb 2026, nan 9505 Williamsburg Plaza, Suite 200, Louisville, KY 40222.
Atelye sa a fèt pou ede w ranpli aplikasyon w pou vin sitwayen Etazini. Nan atelye sa a, nou pa kapab ede w ak lòt pwoblèm legal ki gen rapò ak imigrasyon.
Tanpri, asire w ou pote dokiman sa yo avèk ou pou w ka ranpli aplikasyon w lan:
Kat Rezidan Pèmanan (Green Card)
Tout paspò ou genyen kounye a ak tout paspò ki ekspire
Kat idantite leta oswa pèmi kondwi
Kat Sekirite Sosyal
Lis adrès kote ou te rete pandan 5 dènye ane yo
Lis travay ou te genyen ak lekòl ou te ale pandan 5 dènye ane yo
Dat tout vwayaj ou te fè deyò Etazini pandan 5 dènye ane yo
Si ou marye: sètifika maryaj, dokiman divòs oswa sètifika lanmò mari oswa madanm ou (si sa aplikab)
Si ou gen timoun: batistè, kat rezidan pèmanan (Green Card), oswa sètifika natiralizasyon pou tout timoun ou yo
Nenpòt dokiman ki gen rapò ak arestasyon, kontravansyon, oswa prezans nan tribinal (si sa aplikab)
Kòm yon rapèl, anplis ranpli aplikasyon an, ou dwe kapab pale ase anglè pou w pase entèvyou a ak egzamen edikasyon sivik la.